Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Estè 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Wa a ak tout lòt gwo chèf yo te renmen konsèy Memoukan an. Wa Asyeris tou fè sa Memoukan te di a.

Gade chapit la



Estè 1:21
5 Referans Kwoze  

Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo.


“Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li.


Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”


Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.


Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.