Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Esdras 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anbachal pou enpoze travay la mache. Se konsa pandan tout tan lanperè Siris t'ap gouvènen an, jouk sou reny lanperè Dariyis, yo t'ap kontraye travay moun yo san rete.

Gade chapit la



Esdras 4:5
9 Referans Kwoze  

Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.


Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.


Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a.


Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.


Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.


Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo.


Nan ou, te sòti yon moun ki te fè move konplo kont SENYÈ a, yon konseye mechan.