SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
Esdras 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a. 1998 Haïtienne Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. |
SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
Fis a Pedaja yo: Zorobabel avèk Schimeï. Fis a Zorobabel yo: Meschullam avèk Hanania; epi Schelomith, sè pa yo;
men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’
Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.
Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo:
Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a.
Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,
Levit yo te Josué, Binnuï, Kadmiel, Schérébia, Juda, Matthania, ki, avèk frè li yo, te dirije chan remèsiman yo.
“Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.
Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:
Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.
Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a,
‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li.
Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.
Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la.
Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a.
Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.