Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;
Esdras 2:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chantè yo: fis a Asaph yo: san-venn-tuit. 1998 Haïtienne Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan Tanp lan ki te tounen. Yo sòti nan branch fanmi Asaf. |
Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;
Frè Héman an, Asaph te kanpe sou men dwat li, menm Asaph la, fis a Bérékia a, fis a Schimea a,
Fis a gadyen yo: Fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thalmon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo e fis a Schobaï yo an total: san-trant-nèf.
Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la.
epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan.