Esdras 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. Gade chapit la1998 Haïtienne10 Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon Tanp Senyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Senyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. Gade chapit la |