Konsa, tèt sèch yo te valè sèt bon tèt yo. Epi alò, mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.”
Egzòd 8:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a. 1998 Haïtienne Majisyen yo di farawon an: — Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a. |
Konsa, tèt sèch yo te valè sèt bon tèt yo. Epi alò, mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.”
Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”
Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
Men Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.
“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”
Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou.
Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.”
Yo te di: “Alò kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.
Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”