Egzòd 7:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la. 1998 Haïtienne Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pat kapab pran dlo ladan l pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a. |
Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil la va vin santi move, e Ejipsyen yo va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”
Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.
Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt.
Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.