Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral sòti pou l'al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l nan men ou.

Gade chapit la



Egzòd 7:15
7 Referans Kwoze  

Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.


Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li.


Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.


SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’