Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l'al benyen. Medam ki te avè l yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 2:5
12 Referans Kwoze  

Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.


“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.


Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.


SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la.


Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”


Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.


Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.


Epi lè l te abandonen, fi Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite