Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.
Egzòd 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou. 1998 Haïtienne Senyè a di Moyiz konsa: — Gade! Ou pral tounen tankou yon Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral sèvi ou pòtpawòl. |
Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.
Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”
Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.”
Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo.
Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
“Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”