Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
Egzòd 6:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?” 1998 Haïtienne Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Senyè a, li di l: — Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m? |
Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”