Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Moyiz di Senyè a: — Eskize m wi, Senyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm kounyeya, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 4:10
11 Referans Kwoze  

Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”


Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”


Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.


Moïse te enstwi nan tout konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.


Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”


Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”


Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri!


Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”


Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”


Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite