Egzòd 6:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane. 1998 Haïtienne Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an). |
Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karant-sèt ane.
Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.
David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis yo a Lévi: Guerschon, Kehath, ak Merari.
Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.
Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo,
Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo.
Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo.
Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.
Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.
nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil, nan tribi Issacar a, douz-mil,