Egzòd 4:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Jete l atè.” Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l. 1998 Haïtienne Senyè a di l: — Jete l atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. |
Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
“Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.