Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 4:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Sefora pran yon moso wòch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l lan, li voye l jete nan pye Moyiz. Epi li di: — Se yon mari san ou ye pou mwen.

Gade chapit la



Egzòd 4:25
6 Referans Kwoze  

Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”


Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la, moun ki vèse san, sanzave!


Jéthro, bòpè Moïse la, te pran Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale,


Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.


Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”