Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Moyiz te dakò pou li te rete lakay nonm sa a. Reyouwèl bay Moyiz Sefora, yonn nan fi li yo, pou madanm.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 2:21
15 Referans Kwoze  

Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.


men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo.


Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.


Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”


Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit;


“Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.


Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.”


Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”


Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.


Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite