SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”
Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.
Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
Men Jonas te leve al kacheTarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.
Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: “Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: ‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou.