Egzòd 38:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz. 1998 Haïtienne Li travay kat kòn sou kat kwen lotèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lotèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv. |
Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.
Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè.
Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.