Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 38:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li fè tout bagay ki pou mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 38:3
6 Referans Kwoze  

Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a.


Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude.


“Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz.


Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz.


Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l.


ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite