Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
Egzòd 34:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a. 1998 Haïtienne W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la. |
Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la.
“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.
“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.
“‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.
“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.