Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 W'a ofri ledven ak siwo myèl fè Senyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Senyè a plezi ak bon sant yo.

Gade chapit la Kopi




Levitik 2:12
15 Referans Kwoze  

Pou sa a, chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede


Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan de tout bagay.


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.


“Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.


“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.


Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.


Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen san ledven.


“‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.


“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


“‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;


Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite