Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 27:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tout poto ki fè wonn galeri a va gen treng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv.

Gade chapit la



Egzòd 27:17
4 Referans Kwoze  

“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.


Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.


Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo.


Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo,