Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 27:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 27:16
10 Referans Kwoze  

“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.


Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.


‘Èske se pa ke yo te jwenn, ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’


epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran;


Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.


“Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.


Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.


Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz.


bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite