Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.
Egzòd 24:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.” 1998 Haïtienne Lèfini, li pran liv kontra a, li li l pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: — N'a fè tou sa Senyè a mande nou fè, n'a obeyi l. |
Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.
Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.
Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di:
Kit li dous, kit li pa dous, nou va koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”
“‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?
Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a.