Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan Bwat Kontra a pat gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Senyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 8:9
25 Referans Kwoze  

La mwen te poze yon plas pou lach la, nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”


Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.


Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.


SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.


A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon.


Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.


Moïse te di a Aaron: “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.”


Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.


“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.


Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.


Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a.


SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.


Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”


Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.


“Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou.


Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.


Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.


Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite