“Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.
Egzòd 24:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.” 1998 Haïtienne Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, la vin bò kote m. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo. |
“Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.
Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.
Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.
Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”
Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
“Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.
Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.