Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 20:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nyaj nwa a kote Bondye te ye a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 20:21
11 Referans Kwoze  

Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès.


Epi Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj fonse a.


Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.


Soti nan gran klate devan L, gwo nwaj pwès Li yo, Lagrèl avèk chabon dife te pase.


Anplis, Li te bese syèl la e te desann avèk fènwa byen pwès anba pye Li.


Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.


Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo:


“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.


pandan mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di:


Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite