Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
Egzòd 24:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la. 1998 Haïtienne Pouvwa Senyè a desann sou mòn Sinayi a. Nyaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Senyè a rete nan nyaj la, li rele Moyiz. |
Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.
Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.
Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo.
Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt.
Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,