Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 22:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l'a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l se pa manti l'ap ba li. Li p'ap gen anyen pou l peye pou sa.

Gade chapit la



Egzòd 22:13
6 Referans Kwoze  

Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li.


Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans.


Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”


Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.


Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.


Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.