Egzòd 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè Sinaï a. 1998 Haïtienne Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te sòti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a. |
Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.
Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:
Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.
“SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.
Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,