Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 18:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moyiz reponn bòpè l konsa: — Se sa pou m fè paske pèp la vin kote m pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans.

Gade chapit la



Egzòd 18:15
9 Referans Kwoze  

Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”


Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.


Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a.


Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.


Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”


Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”