“Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo.
“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.
Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a.
Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout teritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.