Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout teritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Pandan sèt jou sa yo, pèsonn nan peyi nou an pa gendwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 16:4
9 Referans Kwoze  

Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.


“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.


Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.


“‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.


“Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo.


Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.


“Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


“Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite