Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
Efezyen 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la. 1998 Haïtienne Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la. |
Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.
Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri.