Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 12:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 12:12
16 Referans Kwoze  

Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.


Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.


ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.


Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;


Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.


Paske nou se manm a kò Li.


Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.


Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a.


pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,


Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.


Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.


ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.


Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.


Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite