Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Ebre 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye,

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Tout bagay nan tant lan te fin byen pare konsa, prèt yo te antre nan premye chanm tant lan pou yo fè travay yo chak jou.

Gade chapit la



Ebre 9:6
9 Referans Kwoze  

Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.


Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la.


Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann.


Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;


Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?