Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:11
17 Referans Kwoze  

Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”


Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan.


Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?


nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.


Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: “Ou se yon prèt pou tou tan selon modèl Melchisédek la.”


kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.


paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.


Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou.


Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.


Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek,


paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.”


Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.


Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite