Ebre 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou. 1998 Haïtienne Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou. |
Epi ou va sonje chemen ou yo, e ou va vin wont lè ou resevwa sè ou yo, ni pi gran, ni pi piti. Mwen va bay ou yo kon fi pa w, men pa selon akò ou a.
Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
paske yo lye sèlman ak manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou lè tout bagay vin nèf.