Ebre 13:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. 1998 Haïtienne Mwen vle fè nou konnen yo gentan lage Timote, frè nou an. Si li rive bonè, m'a pran l avè m lè m'ap vin wè nou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen vle fè nou konnen frè nou Timote lage, li pa nan prizon ankò. Si l vini nan yon tan ki pa long, mwen menm ansanm avè l n ap pase wè nou. |
Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la.
Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,
Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,
Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an,
An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.