Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Ebre 13:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou menm tou, ann sòti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n soufri menm wont la ansanm ak li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a.

Gade chapit la



Ebre 13:13
16 Referans Kwoze  

Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.


Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.


“Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.


“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.


Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.


Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.


Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.


Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.