Ebre 12:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”. 1998 Haïtienne Moyiz menm, sa l te wè devan je l yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!” |
Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.
Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e Bondye te reponn avèk tonnè.
Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt.
Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.
men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,