Detewonòm 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa. 1998 Haïtienne N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap sòti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la. |
Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè.
Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L. Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.
“Konsa, lè nou te tande vwa a soti nan mitan fènwa a, pandan mòn nan te brile avèk dife a, nou te pwoche vè mwen, tout chèf tribi nou ak ansyen nou yo.