Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” Ni pa kite enik lan di: “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
Detewonòm 23:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a. 1998 Haïtienne Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gendwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Senyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon. |
Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” Ni pa kite enik lan di: “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje.
Nou ap fè pwòp zèv papa nou.” Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a,
Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.