Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo.
Detewonòm 1:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an. 1998 Haïtienne Men, nou pat vle al ladan l. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Senyè a, Bondye nou an, te ban nou. |
Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo.
Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.
Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
“Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.
Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
“Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.
Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li.