Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 1:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 “Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Mwen te pale nou, men nou pat koute m, nou derefize swiv lòd Senyè a te ban nou. Nou te konprann nou te fò kont kò nou pou n te al pran mòn lan.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 1:43
8 Referans Kwoze  

Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: “Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.”


Men san prekosyon, yo te monte nan krèt peyi kolin nan. Men ni lach temwayaj la, ni Moïse te kite kan an.


Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.


“Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.


“Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an.


“Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite