Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.
Aje 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! 1998 Haïtienne Bon. Kounyeya, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. |
Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.
Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.
Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.
Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?
Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke asi. Nou mete rad, men yo pa kont pou envite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”
“Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou.
Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?
Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.