2 Wa 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.” 1998 Haïtienne Madanm nan al jwenn Elize. Li rakonte li tout bagay. Elize di li: — Bon, al vann lwil peye dèt ou. Lèfini, w'ap rete lajan pou viv ak pitit ou. |
Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti.
Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.
Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.”
Mechan an prete, men li pa remèt, men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.