Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l pou li vin manje avè l. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l'al manje.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 4:8
16 Referans Kwoze  

Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,


Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.


Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.


Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.


Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan.


Granmoun nan te di: “Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.”


Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.


Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.


Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.


“Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen.


“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite