Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Wa 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè Achab te fin mouri, Moab te fè rebelyon kont Israël.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Mowab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.

Gade chapit la



2 Wa 1:1
8 Referans Kwoze  

Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.


Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.


Nan jou pa li yo, Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo.


Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a.


Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.


Moab se basen lave Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen. Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”


Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.