1 Wa 22:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen53 Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo. Gade chapit la1998 Haïtienne53 Li sèvi Baal, li adore l tankou papa l te fè a. Se konsa li te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil. Gade chapit la |
Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.